Home » Naïza Fadianie kidnape depi madi, ravisè yo bay fanmi l yon “ultimatum” midi jodia pou yo jwenn lajan an

Naïza Fadianie kidnape depi madi, ravisè yo bay fanmi l yon “ultimatum” midi jodia pou yo jwenn lajan an

by admin

Naïza Fadianie Saint Germain kidnape depi madi, ravisè yo bay fanmi l yon “ultimatum” midi jodi jedi a pou yo jwenn lajan an.

Naïza Fadianie Saint Germain se non jèn fi sa, endividi moun pa rive idantifye kidnape madi 24 out 2021 an pandan l t ap rantre lakay li, selon sa yon pwòch li ke redaksyon jounal la pale ak li fè konnen.

Aksyon sa pase madi swa zòn Santo 17 nan Lilavwa pandan li t ap rantre lakay li. Depi jou sa, fanmi an pa pale dirèkteman ak Naïza Fadianie Saint Germain, se ravisè yo ki pale ak fanmi an, yo jis di moun yo ke l byen, selon detay pwòch sa ak Juno7.

Lè nou te mande konbyen kòb kidnapè yo mande pou libere demwazèl la, pwòch sa pa t an mezi di paske paran yo pa vle kominike montan lajan ravisè yo mande a.

Toutfwa, ravisè sa yo bay yon ultimatum ak fanmi an pou jodia a midi pou yo jwenn lajan yo mande a. Yon ultimatum ki mete enkyetid lakay fanmi Naïza Fadianie Saint Germain paske yo pa konn sa ok dèyè tèt ravisè yo.

Pwòch sa ki t ap pale ak redaksyon Juno7 la mande liberasyon Naïza Fadianie Saint Germain.

Naïza Fadianie Saint Germain se yon jèn demwazèl anpil moun konnen nan sektè kiltirèl ayisyen an. Li kolabore ak kèk konfrè jounalis nan envite yo vin kouvri aktivite kiltirèl lè l ap jwe wòl atached Près pou kèk enstitisyon. Anpil moun sou rezo a ap mande liberasyon l prese prese.

Depi kèk jou kesyon kidnapin lan ap parèt tèt li kote gen plizyè moun ki getan sibi zak sa. Yon sitiyasyon ki montre nèg yo pa chome malgre jan peyi a ye la apre pasaj tranbleman tè a.

Dekouvri plis:

Haïti: l’essentiel de l’actualité du jeudi 26 août 2021



Source link

Related Articles

Leave a Comment

Roulette

https://darnadiversvillage.com/slot-deposit-pulsa/

casino online

Slot777

alhudainternationalschool.com

slot777

https://epixfab.eu/

slot bet 100 perak

https://www.orbiscoworking.com/

https://mininos.es/spaceman/

https://executivechairbarbershop.com/

https://www.sandbankstrailerrentals.com/