Home » Minis Nesmy Manigat vizite dezyèm lise teknik agrikòl peyi a nan Okay

Minis Nesmy Manigat vizite dezyèm lise teknik agrikòl peyi a nan Okay

by admin

Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Nesmy Manigat vizite jodi vandredi 27 oktòb la, dezyèm lise teknik agrikòl peyi a nan Okay.

Dezyèm lise teknik agrikòl peyi a ki fenk louvri pòt li nan lokalite Kans, senkyèm seksyon kominal Okay benefisye vizit Minis edikasyon an, Nesmy Manigat jodi vandredi 27 oktòb 2023 a dapre yon nòt Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl mete deyò, kote l te gen avèl, direktè jeneral FNE a, Jean Ronald Joseph.

Nan kad vizit sa a minis Nesmy Manigat rive rankontre divès pèsonalite tankou kazèk Retelia Joseph ak pastè Wilbert Clément kote yo eksprime kontantman yo ak inisyativ sa a ki gen yon pakèt enpòtans pedagojik, ekonomik ak sosyal nan lokalite a.

“Apre rankont ak notab yo, minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la te vizite salklas ki akeyi antou 107 elèv: 69 gason ak 38 fi. Dipousan nan efektif sa a se elèv deplase ki sòti Pòtoprens pou vin viv nan vil Okay ak ozalantou” se sa nou ka li nan nòt la.

Parapò ak kote lekòl la ap fonksyone nan yon lokal pwovizwa ministè a fenk reyabilite nan kad yon patenarya ak UNICEF epi FNE, minis Nesmy Manigat te pwofite anonse dezyèm faz pwojè a ki se faz konstriksyon yon lokal definitif pou akeyi elèv yo ap demare pa twò lontan e l te kontinye pou fè konnen lokal la ap satisfè tout nòm materyèl pou yon lise fonksyone san pwoblèm. Pou konstriksyon lokal la fèt, popilasyon an gentan mete yon teren toupre batiman ki resevwa elèv yo pou yon ti bout tan an a dispozisyon ministè a.

Pi lwen, Ministè a fè konnen konstriksyon lekòl sa ap fèt nan kad plan relèvman entegre penensil Sid la ak yon finansman koperasyon peyi Kanada e pwojè a ap benefisye kontribisyon Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) e direktè a, Jean Ronald Joseph raple gen plizyè chantye konstriksyon lekòl FNE ap mennen nan plizyè komin nan depatman Sid tankou nan komin Okay, Kavayon ak Manich.

Toujou nan diskou minis edikasyon an, li voye yon mesaj bay elèv yo kote li ankouraje elèv yo travay latè pou bay peyi a souverènte alimantè li. Pi lwen, li ankouraje yo fòme tèt yo pou yo ka fè pratik sa yo kòm bon jan pwofesyonèl ki pare pou pwodiksyon, transfòmasyon, distribisyon ak “packaging”.

Nan sa ki gen pou wè ak batay ministè a ap mennen pou gen plis manje lokal nan kantin lekòl yo, gen gwo rapwochman ak objektif lise a kote elèv yo ap gen pou yo pwodui manje pou yo manje nan kantin lekòl la, e yap kapab alimante lòt lekòl.

Dezyèm lise teknik agrikòl nan peyi a apre sa Titwoudenip lan, lise teknik agrikòl Kans lan se 23e lise otorite edikatif yo louvri nan depatman Sid la e minis edikasyon an, Nesmy Manigat anonse ouvèti chantye konstriksyon lise teknik agrikòl René Théodore nan Wanament.

Dekouvri plis:

Le FAES lauréat du concours Tremendous-héros du développement organisé par la BID



Source link

Related Articles

Leave a Comment

Roulette

https://darnadiversvillage.com/slot-deposit-pulsa/

casino online

Slot777

alhudainternationalschool.com

slot777

https://epixfab.eu/

slot bet 100 perak

https://www.orbiscoworking.com/

https://mininos.es/spaceman/

https://executivechairbarbershop.com/

https://www.sandbankstrailerrentals.com/

slot bet 100